You are here

Eske m kapab jwenn èd pou m aplike pou yon lòd pwotektè 209A?

Pwodwi pa Massachusetts Law Reform Institute

13. Eske genyen yon moun nan tribinal la pou ede m ranpli fòm yo pou lòd pwotektè 209A?

Nan sèten tribunal, grefye a ap ede w ranpli fòm sa yo. Men grefye a pa kapab ale devan jij la avèk ou oswa ba ou okenn konsèy legal.

Kapab genyen yon entèsesè nan tribunal la ki kapab ede ou avèk papye yo e kanpe avèk ou devan jij la. Mande grefye a si genyen yon entèsee ki kapab ede ou. Grefye a ap konnen.

Si genyen yon entèsesè nan tribinal la, entèsesè pap yon moun ki travay pou tribunal la. Entèsesè a pwobableman pap yon avoka. Entèsesè a kapab

  • yon Entèsesè pou Victim/Temwen nan biwo Komisè a (District Attorney's) (DA's; oswa
  • yon entèsesè SAFEPLAN. SAFEPLAN se yon pwogram Biwo Asistans Viktim nan Massachusetts (MOVA). Entèsesè SAFEPLAN yo travay avèk pwogram vyolans domestik local yo; oswa
  • yon entèsesè pwogram/refij pou fanm yo bat oswa lòt ajans sèvis sosyal.

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).